lundi 7 mars 2011

Presantasyon

Okes Pierre Belizaire
Bonjou tout moun!

Lekòl mizik Dessaix-Baptiste te fèt an 1998. Se Jakmel li ye, Sidès peyi d'Ayiti. Genyen plis ke 1000 elèv ki enskri nan lekòl sa a, e yo sòti nan nenpòt kouch sosyal. Lekòl mizik la ouvri chak jou, depi lendi jiska dimanche. Genyen repetisyon ak leson ki fèt tout semen nan e pandan wiken'n nan tou. Li genyen 300 enstriman mizik , ke li prete elèv yo e ke li bay pou sa yo ki pi avanse.
Li genyen yon sal konsè; li ka prete'l pou kominote a; pou kèk rankont ou byen kèk evenman ki fèt. Epi tou li itilise'l pou fè konsè pa'l.
Enstriman ke elèv chwazi pi fò se vyolon. Apre sa, se saxofòn ak pyano. Depi li te fèt, lekòl la te monte de òkès, de fanfa, de band pou jazz, e pi resan, yon òkès chanm ki fèt ak elèv yo ki pi avanse.
Pou resime genyen:
-Fanfa Hector Ambroise (nivo avanse)
-Fanfa Marcius Desir (nivo mwayen)
-Ansanm jazz (nivo avanse)
-Mini-Harmoni (nivo mwayen)
-Okès Obed Lomigny (nivo mwayen-avanse)
-Okès Pierre Belizaire (debitan)
-Okès chamb Melodica (nivo avanse).
Lekol la anploye wit pwofesè (violon/viola/direksyon okès, de pou piano, twonpèt, direksyon ansanm jazz, klarinet, de pou teori mizikal), e sez monitè (elèv ki pi avanse yo).

Presentation

Bonjour à tous!
Fanfare Marcius Desir

L'école de musique Dessaix-Baptiste existe depuis 1998. Elle est située à Jacmel, dans le Sud-Est d'Haiti. Plus de 1000 élèves la fréquentent, issus de toutes les couches sociales de la ville. Elle fonctionne tous les jours, est ouverte du lundi au dimanche: répétitions en groupes et leçons individuelles ou collectives rhytment les journées. L'ecole dispose de plus de 300 instruments qu'elle prête aux élèves et donne aux plus avancés, et d'un auditorium de 300 places qu'elle tient à la disposition de la communauté pour des évènements, réunions ect..., et qu'elle utilise bien sûr pour ses propres concerts.
L'instrument le plus choisi par les élèves est le violon. Viennent ensuite le saxophone, puis le piano. Depuis sa création l'école a monté un orchestre philharmonique, une fanfare, un ensemble de jazz, et recemment un orchestre de chambre pour les élèves de cordes les plus avancés.
Récapitulons:
-Fanfare Hector Ambroise (niveau avancé)
-Fanfare Marcius Desir (niveau intermédiaire)
-Ensemble de jazz Hugues Leroy (niveau avancé)
-Mini-Harmonie (niveau intermédiaire)
-Orchestre Philharmonique Obed Lomigny (niveau intermediaire-avancé)
-Orchestre Pierre Belizaire (niveau debutant)
-Orchestre de chambre Melodica (niveau avancé)
L'ecole emploie huit professeurs (violon-viola-direction d'orchestre, deux pour le piano, trompette, clarinette, direction d'ensemble, deux pour la theorie musicale) et 16 moniteurs (élèves les plus avancés).
---------------